Paroles de Bom sou 2 bo

Enposib

pochette album Bom sou 2 bo
Voir sur Itunes

sonnerie téléphone portable pour Bom sou 2 bo

Kè mwen son siwo kote yo met twòp sik ladan'
Panse'm son cocktail tafia'w la ka fè'm pran kabann
Brase'm kon chaka kape pran nan yon bon dife
Mwen ka fini boule telman chabon sa debode
Si'w tande'm chimè m'ap mete dife nan lari
Doudou se pa fòt mwen nan moman se sa'm santi
M'pap bay manti yon jou'w ka tande mwen kriminèl
Ou ka annik bo'm sou de bò pou bagay yo pa myèl

(refrain)
Flo'm se pou ou
Lè mape chante cheri mape chante pou ou
Lè mape danse bebi mwen fè bèl mouv pou ou
Lè mape pale cheri mape pale de ou
E lè mape panse bebi mape panse a ou
Cheri saki pi mal lan ou pa menm ban mwen yon kout je
Espere yon jou wa konen ke se pou mwen'w te ye
Lè male chante cheri mape chante pou ou
Ti kèm se pou ou ou

(refrain) x 2

Mwen di bo'm sou de bò
Mwen ta renmen sa tanpri
Mwen mande'w bo'm sou bouch ou di'm se pa sa ou anvi
Mwen vle pran lang avè'w ou te di mwen gen pwoblèm
Eben cheri fon jan pou'm pa fè lavi mwen blèm

Bo'm sou de bò

Fanm ban'm chèk yo pat konen mwen te gen mèt
Si nou pa renmen pito'w banm yon bal a la tèt
M'telman damou fè'm pa kèw yon jou map janm regrèt
Wi m'kouri sou ou, ou ta di'm pi mal kon ti bèt
Anpil lòt cheke'w mwen menm mwen toujou ret tèt frèt
Lon nèg al avèw yon moman m'rete m'di kèt
Kèt kèt kèt gad kijan yo pran nan jwèt
Cheri si'm pat renmen'w se anvè bondye m'tap gen dèt

(refrain)

Flo'm se pou ou
Lè mape chante cheri mape chante pou ou
Lè mape danse cheri mwen fè bèl mouv pou ou
Lè mape pale cheri mape pale de ou
E lè mape panse bebi mape panse a ou
Cheri saki pi mal lan ou pa menm banm yon kout je
Espere yon jou wa konen ke se pou mwen'w te ye
Lè mape chante cheri mape chante pou ou
Ti kèm se pou ou ou

Mwen di bo'm sou de bò
Mwen ta renmen sa tanpri
Mwen mande'w bo'm sou bouch ou di'm se pa sa ou anvi
Mwen vle pran lang avè'w ou te di mwen gen pwoblèm
Men cheri fon jan pou'm pa fe lavi mwen blèm.

Bo'm sou de bò
Cheri bo'm sou de bò
Tanpri bo'm sou de ò